Kliyan

Customer

Itilizatè MonCash ka resevwa transfè lajan entènasyonal, fè P2P pou voye lajan bay lòt kont MonCash, peye machann, rechaje, achte plan Digicel, peye fakti, epi resevwa peman salè.

Nouvo Fason pou anrejistre nan MonCash

Telechaje app MonCash la nan Google Play oswa App Store, oswa Rele * 202#

Bay non konplè ou, dat nesans ou, chwazi yon ID valid epi bay nimewo pyès la, presize si ou se fanm oswa gason

Kontinye ak pwosesis la nan app MonCash la oswa vizite yon magazen Digicel pou yon reprezantan ede ou

Resevwa transfè lajan entènasyonal

  • Peye fakti
  • Voye lajan
  • Rechaje nimewo Digicel
  • Achte plan Digicel

Kòman mwen ka resevwa transfè entènasyonal?

Pou resevwa transfè entènasyonal sou kont MonCash ou, ou dwe gen yon kont MonCash elaji (limit 100,000HTG). Si kont ou poko elaji, ou ka ale sou aplikasyon MonCash la oswa vizite yon magazen Digicel pou fè sa. Apre ou fin verifye ki tip kont ou genyen, ou dwe otorize PRISM transfè pou depoze lajan sou kont MonCash ou lè ou swiv etap sa yo:

Meni telefòn:

  1. Konpoze * 202#
  2. Chwazi opsyon 6 "Sèvis Finansye"
  3. Chwazi opsyon 1

MonCash App:

Konekte sou aplikasyon MoCash la epi swiv enstriksyon yo sou ekran prensipal la.

Pou jenere kòd QR MonCash ou a, klike anba a: